Welcome to Markancetech Online Campus! Please, treat everyone here with respect! Don't forget We can grow faster, together.
🎓 Course Title: Kou Fòmasyon sou Taks: Prepare Deklarasyon Taks Pou Tèt ou ak Pou Lòt Moun(Powered by Markancetech LLC) ✨ Kou Sa Ap Ba Ou Sa Ou Bezwen Pou Reyisi Kou sa fèt pou tout moun ki vle aprann kijan pou yo fè deklarasyon taks pa yo, e menm kòmanse ede lòt moun tankou kontraktè endepandan ak ti biznis. Apati baz taks federal ameriken, nou pral mennen ou soti nan konesans debaz rive nan konpetans avanse pou prepare taks ak sèvi kliyan. Si w ap viv Etazini, Ou konnen de Janvye a Avril gen yon obligasyon pou prèske tout moun k ap viv nan peyi a fill taks, sa gen ladan'l yon seri ti biznis tou. Anpalan de biznis, pou biznis ki kòmanse rantre plis kòb yo, yo dwe fill taks chak twa mwa. Plis pase 70% moun sa yo bezwen yon moun ki pou ede yo fill taks chak ane. Se sak fè gen gwo demann pou pwofesyonèl ki konn fill taks. Nan Kou sa a W ap Aprann bonjan fason ou ka fill taks pou on menm ak fanmi w oswa zanmi w. Anplis de sa, n'ap anseye w fason ou ka fè bonjan lajan lè w fill taks pou lòt moun tou. Sepandan, nou pa senpleman rete sou koze fill taks sèlman. Anvan sezon taks la rive, gen anpil preparasyon yon moun oswa yon biznis bezwen fè yon fason pou tout papye ka pare nan moman pou taks la fill la. Jeneralman, nou konn rele aktivite sa yo "Book Keeping". Nan kou sa a, n'ap aprann ou yon seri prensip book keeping ki itil anpil k'ap ka ede w oswa kliyan w yo prepare yo pou sezon taks yo. Apre ou fini kou sa: Ou pral kapab fè taks pa ou Prepare taks pou lòt moun Konprann tout sèchdyòl (schedules) Sèvi ak lojisyèl taks pwofesyonèl Jere dosye ak bòdwo pandan ane a Aprann sou zouti IRS yo tankou PTIN, EFIN, ak plis ankò 🗂️ Plan Detaye / Syllabus 🧩 Inite 1: Entwodiksyon ak Baz Sistèm Taks la 🇺🇸 📌 Ki sa ki taks federal?📌 Kalite taks ki egziste📌 Kiyès ki oblije peye taks?📌 Kiyès ki ka jwenn ranbousman? 🧩 Inite 2: Fòm yo ak Sèchdyòl yo (Forms and Schedules) 📄 🗂️ Fòm W-2, 1099-MISC, 1099-NEC🗂️ Sèchdyòl A, B, C, D, E, SE elatriye📅 Lè ou itilize yo + Egzanp pratik🔍 Kijan pou li chak fòm ak verifye enfòmasyon 🧩 Inite 3: Fè Taks Pou Kontraktè Endepandan ak Ti Biznis 👨🔧🏪 🔸 Diferans ant W-2 ak 1099🔸 Kijan pou itilize Sèchdyòl C🔸 Dediksyon ki posib📚 Egzanp sou kontraktè: chofè Uber, teknisyen, elatriye 🧩 Inite 4: Bonjan Sistèm Pou Kenbe Dosye w Yo 📁 🗃️ Kijan pou òganize resi, fòm, faktirasyon📆 Rekòmandasyon pa mwa📲 Sèvi ak zouti gratis pou swiv depans yo💡 Baz Bookkeeping (debouman & kredi) 🧩 Inite 5: Lojisyèl Taks ak Kouman Pou Achte Yonn 💻 🛠️ Lis pi bon lojisyèl (TaxSlayer, Drake, TaxDome, ProSeries)🛒 Kijan pou achte ak konfigire🔐 Sekirite ak backup done📊 Konpare lisans: in-house vs online 🧩 Inite 6: Kreye Kont IRS, PTIN, EFIN, ak plis ankò 🏛️ 🔑 Kreye kont sou irs.gov📌 Aplike pou PTIN (Preparer Tax Identification Number)📌 EFIN (Electronic Filing Identification Number)👨💼 Vin yon tax preparer ki ka e-file 🧩 Inite 7: Pratik ak Egzanp Reyèl (Fòmasyon Avanse) 📝 📋 Egzanp ranpli taks pou 3 kalite kliyan🔍 Revizyon fòm ranpli🧠 Tès konpreyansyon ak koreksyon🛑 Erè komen pou evite 🧩 Inite 8: Bon Pratik, Etik, ak Planifikasyon pou Siksè 🌱 🧭 Kijan pou mete w sou pye kòm preparatè taks📢 Fè pwomosyon sèvis ou📌 Pratik etik & legal✅ Kijan pou mete tèt ou ajou chak ane 🧾 Bonus Material 📘 Lis resous IRS an kreyòl📄 Templates gratis pou swiv depans kliyan💬 Gwoup WhatsApp pou etidyan kou a📺 Videyo demonstratif sou chak inite ⚠️ DISCLAIMER / AVÈTISMAN LEGAL 🇺🇸 English: This course is for educational purposes only. The Markancetech LLC team is not your tax advisor or preparer. The information shared in this course does not constitute professional tax advice. Always consult a qualified tax professional if you need personalized help. 🇭🇹 Kreyòl: Kou sa se sèlman pou edikasyon. Ekip Markancetech LLC pa konseye taks ou ni preparatè taks pèsonèl ou. Enfòmasyon ki pataje nan kou sa a pa ranplase sèvis pwofesyonèl. Tanpri kontakte yon ekspè taks si ou bezwen asistans pèsonalize. 📌 Mete Kou Sa an Valè 👨🏽🎓 Fòmasyon konplè pou moun ki vle vin preparatè taks 💼 Siksè pratik pou antreprenè ak kontraktè 📈 Avni pou ou si ou vle kreye yon ajans taks pa w
Jounen jodi a, Li pa nesesè pou w ale nan lokal yon biznis si w vle achte yon pwodui oswa sèvis ankò. Ou ka jis pran telefòn ou, epi w achte pwodui a epi y'ap pote l ba ou kote w vle a. Anfèt, chak jou ki pase, plis moun prefere achte sou entènèt. Kounya ou ka vann san pwoblèm sou TikTok, Instagram, Facebook, Amazon, oswa Sou Pwòp Sit Pa w Kèlkeswa kote w ye a. Gen plizyè milya dola k' ap brase sou nèt la chak jou nan kesyon tranzaksyon Anliy. Nan kou sa, w ap aprann bonjan fason pou w kreye yon shop anliy epi konekte l ak diferan rezo sosyal yo yon fason w ka fè lajan sou nèt la san pwoblèm. Lè w fini kou sa, w'ap ka kreye kèlkeswa sit la. Si w vle vann pa mwayen drop shipping, w ap ka fè sa tou san okenn difikilte. Nan kou sa nou anseye teknoloji tankou: Woocommerce, Shopify, TiktokShop, Metashop, Walmart, Amazon, Ebay, Alidropship, elatriye. Sa a se kou E-commerce ki pi konplè ki egziste sou mache a an Kreyòl Ayisyen. Pran Kou a jodi a epi kòmanse reyalize rèv ou. Reyisit ou pi Pre ke sa w te ka imajine!
Anpil moun panse depi yo gen lajan disponib, yo ka jis achte machandiz epi vann. Konsa, y ap kòmanse fè anpil benefis. Malerezman, gen anpil nan moun sa yo ki desepsyone lè yo reyalize ke bagay yo p ap avanse jan yo te prevwa sa. Ki kote vrè pwoblèm nan ye? Repons lan senp: Pat gen yon Planifikasyon ki te fèt anvan sa. Nan kou sa w ap aprann fason pou w pran yon ide epi fè l tounen yon biznis. N ap anseye w fason pou w kreye misyon, vizyon, objektif, analiz elatriye. W'ap vin alèz nan kreye plan biznis lè w fini kou a. N ap anseye w tou fason pou w kreye yon biznis Etazini. Lè w fini kou a, nonsèlman w ap ka kreye biznis pou tèt pa w, men tou, w ap ka kreye biznis pou lòt moun tou.
This is the introductory course for Python for Beginners. Please start here if you have no experience coding in Python. This course is self-paced; you can proceed through the course, but need to complete each unit before moving on to the next unit.
🌐 Kou WordPress Avanse an Kreyòl Ayisyen Aprann kijan pou w kreye sit entènèt pwofesyonèl san ou pa bezwen konn ekri kòd!Kou sa a fèt pou tout moun k ap chèche lanse biznis yo sou entènèt, kreye blog, magazen sou entènèt, oswa menm ofri sèvis kòm designer WordPress. Nou sèvi ak lang ou — Kreyòl Ayisyen — pou n rann aprantisaj la pi fasil e aksesib. Byenke gen kèk tèm k ap ret ann Anglè, n ap fè bonjan efò pou n esplike w yo an Kreyòl. Mèsi paske w chwazi pran kou sa avèk nou. 🧭 Syllabus Kou a – 6 Chapit Pwogresif 📘 Chapit 1: Entwodiksyon ak WordPress Sa w ap aprann: Ki sa WordPress ye? Diferans ant WordPress.com & WordPress.org Benefis pou itilize WordPress Objektif: Poze baz pou w ka konprann kijan WordPress fonksyone 🛠️ Chapit 2: Entwodiksyon ak Dashboard WordPress la Sa w ap aprann: Kijan pou w konekte ak admin panel ou Wòl meni tankou: Posts, Pages, Media, Appearance, Settings Tips pou w pa pè dashboard la Objektif: Fè w vin abitye ak zouti prensipal yo 🔌 Chapit 3: Plugins – Zouti Majik WordPress Sa w ap aprann: Ki sa plugin ye? Plugins enpòtan pou komès, sekirite, ak SEO Kijan pou w enstale, aktive, epi jere plugins yo Rekòmandasyon: Rankontre ak plugins tankou Elementor, RankMath, WooCommerce, elatriye 🏠 Chapit 4: Hosting & Domain – Bati Lakay ou sou Entènèt la Sa w ap aprann: Ki sa ki hosting & domain? Kijan pou w achte epi konekte yo ak WordPress Hosting bon mache vs Premium Tèm Bonus: W ap resevwa lis konpayi hosting nou rekòmande yo 🎨 Chapit 5: Elementor – Fè Bèl Sit san Kodaj Sa w ap aprann: Kijan Elementor fonksyone Fason pou itilize drag & drop builder la Kreye paj Akèy ou, paj kontak, ak boutik Pratik: W ap kreye pwòp pwojè pa w pa mwayen bonjan gid etap pa etap n ap ba ou 🚀 Chapit 6: Pibliye, Optimize & Fè Pwomosyon Sit ou Sa w ap aprann: Kijan pou mete sit ou piblik SEO debaz pou w ranje sou Google Fason pou pataje sit ou sou rezo sosyal yo Final: Ou lanse premye sit WordPress ou! 🛒 Chapit 7: WooCommerce – Mete Boutik ou sou Pye sou Entènèt Sa w ap aprann: Ki sa WooCommerce ye ak kijan li mache Kijan pou mete pwodwi fizik oswa dijital Mete metòd peman (PayPal, Kat Kredi, elatriye) Ajoute livrezon ak règleman pou kliyan Rezilta: Ou ap gen premye magazen sou entènèt ou pare pou vann! 📣 Chapit 8: Maketing Dijital pou E-commerce Sa w ap aprann: Ki jan pou atire vizitè sou sit ou Estrateji sou rezo sosyal (Facebook, Instagram, TikTok) Kreye ofri ak rabè pou vann plis Entwodiksyon ak Email Maketing, SEO ak Analytics Bonus: Plan maketing senp pou ti biznis ou 📦 Nivo Avanse? Apre ou fini kou sa a, ou kapab suiv Kou avanse nou yo sou Google Ads, SEO, Facebook Ads, oswa menm kreyasyon kont sou Amazon & Etsy si w vle agrandi konesans ou plis sou Marketing Digital. ✨ Pi bonè se Granm Maten! Aprann, Bati, Vann, epi fè sikè jodi a menm! 🧩 Kisa w bezwen pou w kòmanse? Yon òdinatè ak koneksyon entènèt Yon domain & hosting (nou ka ede w jwenn li) Pa bezwen okenn eksperyans! 🎓 Kisa w ap jwenn nan kou sa a? ✅ Fòmasyon an Kreyòl Ayisyen✅ Videyo + Egzèsis pratik✅ Aksè a resous ou ka telechaje✅ Sipò pa WhatsApp/Email✅ Sètifika le w fini kou a 💼 Pou Kiyès Kou Sa a Ye? 👩🏽💻 Jèn biznisman/antreprenè🎨 Freelancers🧑🏽🏫 Pwofesè / Kretyen / ONG🛍️ Moun ki vle vann sou entènèt📱 Jèn ki vle aprann yon metye dijital 📩 Kontakte Nou Pou Enskri 📧 support@markancetech.com🌐 markancetech.com📞 +1 407 492-3964📲 Swiv nou sou rezo sosyal yo! 🔥 Pa rate opòtinite sa a! Aprann WordPress an Kreyòl, bati avni w sou entènèt la!
Kou: Entwodiksyon Sou Marketing Dijital Lang: Kreyòl AyisyenNivo: Debitan - EntèmedyèDurée: 6 Semèn (1 chapit pa semèn)Fòma: Videyo, lekti, egzèsis, pwojè pratik, egzamen Prerequisite: Ou ta dwe pran kou WordPress la anvan w kòmanse kou sa. Objektif Jeneral Kou a Kou sa ap ba ou yon baz solid sou prensip marketing dijital yo, zouti prensipal yo, epi w ap aprann tou kijan pou w itilize estrateji dijital pou w grandi yon biznis oswa konstwi yon karyè antanke espesyalis marketing dijital. Se premye kou nan yon pwogram konplè ki ap genyen lòt kou sou maketing sou rezo sosyal (Social Media Marketing), piblisite sou entènèt (Digital Advertising), analitik & kwasans estratejik (Analytic & Growth Hacking), e-komès, Content Marketing, ak plis ankò. Estrikti Kou a: 6 Units ✅ Unit 1: Kisa Maketing Dijital ye? Definisyon ak wòl maketing dijital pou biznis modèn yo Diferans ki genyen ant maketing tradisyonèl ak maketing dijital Kisa ou ka fè ak konpetans sou maketing dijital ou yo? Zouti w ap rankontre pandan w ap aprann Maketing Digital 🛠 Travay pratik: Analize yon eksperyans ou te genyen sou entènèt la kote w te achte yon pwodui. Esplike kijan w te tonbe sou pwodui sa. (Ou ka konsidere kou sa kòm egzanp si w poko janm achte lòt bagay sou nèt la) ✅ Inite 2: Estrateji Dijital ak Konpreyansyon Odyans yo Eleman kle nan yon estrateji maketing dijital (objektif, odyans, chanèl, kontni, KPI) Konprann vwayaj kliyan an (customer journey) Kreye Pwofil Kliyan an (buyer persona) Ki chanèl ki pi efikas pou odyans ou an 🛠 Travay pratik: Kreye yon Buyer Persona pou yon ti biznis lokal ou ta renmen ede. ✅ Inite 3: Sit entènèt, SEO & Kontni Enpòtans prezans sou entènèt Entwodiksyon sou SEO (Search Engine Optimization) Kijan pou w optimize yon sit oswa yon paj sou Google Wòl kontni: blog, videyo, imaj Premye etap pou w kreye kontni serye ki byen optimize (Optimized quality contents) 🛠 Travay pratik: Ekri yon mini atik blog ki byen optimize pou motè rechèch yo ✅ Inite 4: Maketing pa mwayen Imèl (Email Marketing) ak Piblisite Dijital (Digital Advertising) Kisa maketing pa mwayen imèl la ye? Kijan l fonksyone? Kijan pou w konstwi yon lis imèl? Kreye kanpay imèl maketing ki fè efè Entwodiksyon ak piblisite sou entènèt: objektif, modèl acha, bid, CPC, CPA Kanpay rechèch, afichaj ak medya sosyal (Search Campaigns, Display, Social Media) 🛠 Travay pratik: Kreye yon plan imèl maketing pou w lanse yon nouvo pwodui oswa sèvis. ✅ Inite 5: Analiz Done ak Zouti Dijital Poukisa mezi rezilta yo enpòtan Metrik prensipal yo: trafik, angajman, konvèsyon, retou sou envestisman (ROI) Zouti analiz prensipal yo (tankou analytics, sondaj, feedback) Kijan pou fè bon desizyon sou baz done 🛠 Travay pratik: Analize yon senaryo kanpay dijital epi fè rekòmandasyon ✅ Inite 6: Pwojè Final + Karyè nan Maketing Dijital Resime sou tout sa nou te aprann nan kou a Planifye, devlope, lanse epi mezire yon mini kanpay maketing dijital Karyè posib: freelancer, community manager, konsiltan, antreprenè, kreyatè kontni Konsèy pou w kreye yon portfolio, CV, epi kòmanse chèche travay oswa kliyan 🛠 Travay pratik: Pwojè final: Kreye yon estrateji maketing dijital pou w ede Markancetech jwenn plis etidyan. Metodoloji Videyo kout e klè Aktivite pratik nan fen chak unit Pwojè Final ak egzamen Asistans Pratik lè sa nesesè Apèsi sou lòt kou ki disponib pou w ale pi lwen (pa egzanp: Maketing sou rezo sosyal, E-komès, Elatriye) Aprè kou sa... Ou pral: W ap ka devlope bonjan estrateji maketing dijital pou kèlkeswa biznis lan ak konfyans Konnen kijan pou atire, angaje epi konvèti kliyan sou entènèt Rekonèt zouti ak teknik prensipal ki nesesè pou w travay oswa kòmanse biznis ou Pare pou w kontinye avèk lòt kou yo pou w ka vin yon espesyalis nan maketing dijital Ou pa ka tann pou w fè premye pa a? Ann kòmanse! Nou fè anpil efò pou pa gen okenn fot gramatikal nan kou a, men nou rekonèt ka gen ti erè. Si w tonbe sou youn, tanpri pa ezite bannou feedback ou pou n ka korije sa touswit. Ekri nou sou markancetech@gmail.com oswa sou youn nan plizyè espas kominikasyon nou gen disponib yo.
Chak jou li Vin pi enpòtan pou w konn pale Anglè. Premyeman, akòz kesyon imigrasyon ki vin pi kouran. Dezyèmman, Anglè se yon lang Komèsyal prèske tout travay sanse egzije. Anfèt, li ka vrèman difisil pou w jwenn yon bon Job si w pa konn pale Anglè menmsi w gen yon pwofesyon. Nan kou sa nou pral aprann ou fason pou w Li, Pale, Tande, epi Ekri Anglè. Kèlkeswa nivo anglè w gen kounya a ou ka pran kou sa si w santi w manke vokabilè oswa w paka pale ak konfyans! Kou sa gen plis pase 70 leson ak egzèsis ki pral ede w avanse ti pa ti pa jiskaske w pare pou mache poukont ou. Nou pa jis ba w aksè ak kou a epi nou lage w. Nou toujou la pou n reponn kèlkeswa kesyon w te ka genyen ki gen rapò ak kou a. Nan kou sa w’ap aprann plis pase Anglè! Enskri nan kou sa jodi a epi dekouvri tout bèl sipriz nou sere piou ou yo!