
- Teacher: Dieudonne Vernet

- Teacher: Dieudonne Vernet

- Teacher: Dieudonne Vernet

- Teacher: Dieudonne Vernet

đ Kou WordPress Avanse an Kreyòl Ayisyen
Â
- Teacher: Dieudonne Vernet

Kou: Entwodiksyon Sou Marketing Dijital
Lang: Kreyòl Ayisyen
Nivo: Debitan - Entèmedyè
DurÊe: 6 Semèn (1 chapit pa semèn)
Fòma: Videyo, lekti, egzèsis, pwojè pratik, egzamen
Prerequisite: Ou ta dwe pran kou WordPress la anvan w kòmanse kou sa.
Objektif Jeneral Kou a
Kou sa ap ba ou yon baz solid sou prensip marketing dijital yo, zouti prensipal yo, epi w ap aprann tou kijan pou w itilize estrateji dijital pou w grandi yon biznis oswa konstwi yon karyè antanke espesyalis marketing dijital. Se premye kou nan yon pwogram konplè ki ap genyen lòt kou sou maketing sou rezo sosyal (Social Media Marketing), piblisite sou entènèt (Digital Advertising), analitik & kwasans estratejik (Analytic & Growth Hacking), e-komès, Content Marketing, ak plis ankò.
Estrikti Kou a: 6 Units
â Unit 1: Kisa Maketing Dijital ye?
-
Definisyon ak wòl maketing dijital pou biznis modèn yo
-
Diferans ki genyen ant maketing tradisyonèl ak maketing dijital
-
Kisa ou ka fè ak konpetans sou maketing dijital ou yo?
-
Zouti w ap rankontre pandan w ap aprann Maketing Digital
đ Travay pratik: Analize yon eksperyans ou te genyen sou entènèt la kote w te achte yon pwodui. Esplike kijan w te tonbe sou pwodui sa. (Ou ka konsidere kou sa kòm egzanp si w poko janm achte lòt bagay sou nèt la)
â Inite 2: Estrateji Dijital ak Konpreyansyon Odyans yo
-
Eleman kle nan yon estrateji maketing dijital (objektif, odyans, chanèl, kontni, KPI)
-
Konprann vwayaj kliyan an (customer journey)
-
Kreye Pwofil Kliyan an (buyer persona)
-
Ki chanèl ki pi efikas pou odyans ou an
đ Travay pratik: Kreye yon Buyer Persona pou yon ti biznis lokal ou ta renmen ede.
â Inite 3: Sit entènèt, SEO & Kontni
-
Enpòtans prezans sou entènèt
-
Entwodiksyon sou SEO (Search Engine Optimization)
-
Kijan pou w optimize yon sit oswa yon paj sou Google
-
Wòl kontni: blog, videyo, imaj
-
Premye etap pou w kreye kontni serye ki byen optimize (Optimized quality contents)
đ Travay pratik: Ekri yon mini atik blog ki byen optimize pou motè rechèch yo
â Inite 4: Maketing pa mwayen Imèl (Email Marketing) ak Piblisite Dijital (Digital Advertising)
-
Kisa maketing pa mwayen imèl la ye? Kijan l fonksyone?
-
Kijan pou w konstwi yon lis imèl?
-
Kreye kanpay imèl maketing ki fè efè
-
Entwodiksyon ak piblisite sou entènèt: objektif, modèl acha, bid, CPC, CPA
-
Kanpay rechèch, afichaj ak medya sosyal (Search Campaigns, Display, Social Media)
đ Travay pratik: Kreye yon plan imèl maketing pou w lanse yon nouvo pwodui oswa sèvis.
â Inite 5: Analiz Done ak Zouti Dijital
-
Poukisa mezi rezilta yo enpòtan
-
Metrik prensipal yo: trafik, angajman, konvèsyon, retou sou envestisman (ROI)
-
Zouti analiz prensipal yo (tankou analytics, sondaj, feedback)
-
Kijan pou fè bon desizyon sou baz done
đ Travay pratik: Analize yon senaryo kanpay dijital epi fè rekòmandasyon
â Inite 6: Pwojè Final + Karyè nan Maketing Dijital
-
Resime sou tout sa nou te aprann nan kou a
-
Planifye, devlope, lanse epi mezire yon mini kanpay maketing dijital
-
Karyè posib: freelancer, community manager, konsiltan, antreprenè, kreyatè kontni
-
Konsèy pou w kreye yon portfolio, CV, epi kòmanse chèche travay oswa kliyan
đ Travay pratik: Pwojè final: Kreye yon estrateji maketing dijital pou w ede Markancetech jwenn plis etidyan.
Metodoloji
-
Videyo kout e klè
-
Aktivite pratik nan fen chak unit
-
Pwojè Final ak egzamen
-
Asistans Pratik lè sa nesesè
-
Apèsi sou lòt kou ki disponib pou w ale pi lwen (pa egzanp: Maketing sou rezo sosyal, E-komès, Elatriye)
Aprè kou sa...
Ou pral:
-
W ap ka devlope bonjan estrateji maketing dijital pou kèlkeswa biznis lan ak konfyans
-
Konnen kijan pou atire, angaje epi konvèti kliyan sou entènèt
-
Rekonèt zouti ak teknik prensipal ki nesesè pou w travay oswa kòmanse biznis ou
-
Pare pou w kontinye avèk lòt kou yo pou w ka vin yon espesyalis nan maketing dijital
Ou pa ka tann pou w fè premye pa a? Ann kòmanse!
Nou fè anpil efò pou pa gen okenn fot gramatikal nan kou a, men nou rekonèt ka gen ti erè. Si w tonbe sou youn, tanpri pa ezite bannou feedback ou pou n ka korije sa touswit. Ekri nou sou markancetech@gmail.com oswa sou youn nan plizyè espas kominikasyon nou gen disponib yo.
- Teacher: Dieudonne Vernet