
- Teacher: Dieudonne Vernet

🎓 Course Title:
Kou Fòmasyon sou Taks: Prepare Deklarasyon Taks Pou Tèt ou ak Pou Lòt Moun
(Powered by Markancetech LLC)
✨ Kou Sa Ap Ba Ou Sa Ou Bezwen Pou Reyisi
Kou sa fèt pou tout moun ki vle aprann kijan pou yo fè deklarasyon taks pa yo, e menm kòmanse ede lòt moun tankou kontraktè endepandan ak ti biznis. Apati baz taks federal ameriken, nou pral mennen ou soti nan konesans debaz rive nan konpetans avanse pou prepare taks ak sèvi kliyan.
Si w ap viv Etazini, Ou konnen de Janvye a Avril gen yon obligasyon pou prèske tout moun k ap viv nan peyi a fill taks, sa gen ladan'l yon seri ti biznis tou. Anpalan de biznis, pou biznis ki kòmanse rantre plis kòb yo, yo dwe fill taks chak twa mwa. Plis pase 70% moun sa yo bezwen yon moun ki pou ede yo fill taks chak ane. Se sak fè gen gwo demann pou pwofesyonèl ki konn fill taks.
Nan Kou sa a W ap Aprann bonjan fason ou ka fill taks pou on menm ak fanmi w oswa zanmi w. Anplis de sa, n'ap anseye w fason ou ka fè bonjan lajan lè w fill taks pou lòt moun tou. Sepandan, nou pa senpleman rete sou koze fill taks sèlman.
Anvan sezon taks la rive, gen anpil preparasyon yon moun oswa yon biznis bezwen fè yon fason pou tout papye ka pare nan moman pou taks la fill la. Jeneralman, nou konn rele aktivite sa yo "Book Keeping".
Nan kou sa a, n'ap aprann ou yon seri prensip book keeping ki itil anpil k'ap ka ede w oswa kliyan w yo prepare yo pou sezon taks yo.
Apre ou fini kou sa:
-
Ou pral kapab fè taks pa ou
-
Prepare taks pou lòt moun
-
Konprann tout sèchdyòl (schedules)
-
Sèvi ak lojisyèl taks pwofesyonèl
-
Jere dosye ak bòdwo pandan ane a
-
Aprann sou zouti IRS yo tankou PTIN, EFIN, ak plis ankò
🗂️ Plan Detaye / Syllabus
🧩 Inite 1: Entwodiksyon ak Baz Sistèm Taks la 🇺🇸
📌 Ki sa ki taks federal?
📌 Kalite taks ki egziste
📌 Kiyès ki oblije peye taks?
📌 Kiyès ki ka jwenn ranbousman?
🧩 Inite 2: Fòm yo ak Sèchdyòl yo (Forms and Schedules) 📄
🗂️ Fòm W-2, 1099-MISC, 1099-NEC
🗂️ Sèchdyòl A, B, C, D, E, SE elatriye
📅 Lè ou itilize yo + Egzanp pratik
🔍 Kijan pou li chak fòm ak verifye enfòmasyon
🧩 Inite 3: Fè Taks Pou Kontraktè Endepandan ak Ti Biznis 👨🔧🏪
🔸 Diferans ant W-2 ak 1099
🔸 Kijan pou itilize Sèchdyòl C
🔸 Dediksyon ki posib
📚 Egzanp sou kontraktè: chofè Uber, teknisyen, elatriye
🧩 Inite 4: Bonjan Sistèm Pou Kenbe Dosye w Yo 📁
🗃️ Kijan pou òganize resi, fòm, faktirasyon
📆 Rekòmandasyon pa mwa
📲 Sèvi ak zouti gratis pou swiv depans yo
💡 Baz Bookkeeping (debouman & kredi)
🧩 Inite 5: Lojisyèl Taks ak Kouman Pou Achte Yonn 💻
🛠️ Lis pi bon lojisyèl (TaxSlayer, Drake, TaxDome, ProSeries)
🛒 Kijan pou achte ak konfigire
🔐 Sekirite ak backup done
📊 Konpare lisans: in-house vs online
🧩 Inite 6: Kreye Kont IRS, PTIN, EFIN, ak plis ankò 🏛️
🔑 Kreye kont sou irs.gov
📌 Aplike pou PTIN (Preparer Tax Identification Number)
📌 EFIN (Electronic Filing Identification Number)
👨💼 Vin yon tax preparer ki ka e-file
🧩 Inite 7: Pratik ak Egzanp Reyèl (Fòmasyon Avanse) 📝
📋 Egzanp ranpli taks pou 3 kalite kliyan
🔍 Revizyon fòm ranpli
🧠 Tès konpreyansyon ak koreksyon
🛑 Erè komen pou evite
🧩 Inite 8: Bon Pratik, Etik, ak Planifikasyon pou Siksè 🌱
🧭 Kijan pou mete w sou pye kòm preparatè taks
📢 Fè pwomosyon sèvis ou
📌 Pratik etik & legal
✅ Kijan pou mete tèt ou ajou chak ane
🧾 Bonus Material
📘 Lis resous IRS an kreyòl
📄 Templates gratis pou swiv depans kliyan
💬 Gwoup WhatsApp pou etidyan kou a
📺 Videyo demonstratif sou chak inite
⚠️ DISCLAIMER / AVÈTISMAN LEGAL
🇺🇸 English:
This course is for educational purposes only. The Markancetech LLC team is not your tax advisor or preparer. The information shared in this course does not constitute professional tax advice. Always consult a qualified tax professional if you need personalized help.
🇭🇹 Kreyòl:
Kou sa se sèlman pou edikasyon. Ekip Markancetech LLC pa konseye taks ou ni preparatè taks pèsonèl ou. Enfòmasyon ki pataje nan kou sa a pa ranplase sèvis pwofesyonèl. Tanpri kontakte yon ekspè taks si ou bezwen asistans pèsonalize.
📌 Mete Kou Sa an Valè
-
👨🏽🎓 Fòmasyon konplè pou moun ki vle vin preparatè taks
-
💼 Siksè pratik pou antreprenè ak kontraktè
-
📈 Avni pou ou si ou vle kreye yon ajans taks pa w
- Teacher: Dieudonne Vernet

Jounen jodi a, Li pa nesesè pou w ale nan lokal yon biznis si w vle achte yon pwodui oswa sèvis ankò. Ou ka jis pran telefòn ou, epi w achte pwodui a epi y'ap pote l ba ou kote w vle a. Anfèt, chak jou ki pase, plis moun prefere achte sou entènèt. Kounya ou ka vann san pwoblèm sou TikTok, Instagram, Facebook, Amazon, oswa Sou Pwòp Sit Pa w Kèlkeswa kote w ye a.
Gen plizyè milya dola k' ap brase sou nèt la chak jou nan kesyon tranzaksyon Anliy. Nan kou sa, w ap aprann bonjan fason pou w kreye yon shop anliy epi konekte l ak diferan rezo sosyal yo yon fason w ka fè lajan sou nèt la san pwoblèm. Lè w fini kou sa, w'ap ka kreye kèlkeswa sit la. Si w vle vann pa mwayen drop shipping, w ap ka fè sa tou san okenn difikilte.
Nan kou sa nou anseye teknoloji tankou: Woocommerce, Shopify, TiktokShop, Metashop, Walmart, Amazon, Ebay, Alidropship, elatriye. Sa a se kou E-commerce ki pi konplè ki egziste sou mache a an Kreyòl Ayisyen. Pran Kou a jodi a epi kòmanse reyalize rèv ou. Reyisit ou pi Pre ke sa w te ka imajine!
- Teacher: Dieudonne Vernet

Anpil moun panse depi yo gen lajan disponib, yo ka jis achte machandiz epi vann. Konsa, y ap kòmanse fè anpil benefis. Malerezman, gen anpil nan moun sa yo ki desepsyone lè yo reyalize ke bagay yo p ap avanse jan yo te prevwa sa. Ki kote vrè pwoblèm nan ye?
Repons lan senp: Pat gen yon Planifikasyon ki te fèt anvan sa. Nan kou sa w ap aprann fason pou w pran yon ide epi fè l tounen yon biznis. N ap anseye w fason pou w kreye misyon, vizyon, objektif, analiz elatriye. W'ap vin alèz nan kreye plan biznis lè w fini kou a.
N ap anseye w tou fason pou w kreye yon biznis Etazini. Lè w fini kou a, nonsèlman w ap ka kreye biznis pou tèt pa w, men tou, w ap ka kreye biznis pou lòt moun tou.
- Teacher: Dieudonne Vernet